peoplepill id: samuel-madistin
SM
Haiti
7 views today
7 views this week
Samuel Madistin
Haitian politician

Samuel Madistin

The basics

Quick Facts

Intro
Haitian politician
Places
Work field
Gender
Male
The details (from wikipedia)

Biography

Samuel Madistin BIYOGRAFI (YON TI MOSO LISTWA NAN LAVI) MET SAMUEL MADISTIN KANDIDA POU POS PREZIDAN DAYITI POU MOPOD (MOUMAN PATRIYOTIK POPILE DESALINYEN)

Samuel Madistin
Eta sivil
Dat nesans:?
Lye nesans:?
Peyi nesans:Li se moun ki kote ?
Nasyonalite : Ki nasyonalite moun sa?


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi

Byografi

  • Se nan peyi Ayiti, jou ki te 16 Avril 1963 nan lopital “La Providence” vil Gonayiv, nan zantray yon fanmi Pwotestan, Mèt  Samuel Madistin, pòt drapo yon leta layik, modèn ak endepandan an, pran nesans. Se nan vil Lestè, anndan vant  depatman Latibonit, kote l fè tout klas primè l, li grandi e se la tou li kòmanse fè “premye zam” li. Yon ti tan apre li  antre nan vil Pòtoprens kote l al rapousuiv fòmasyon l nan lekòl segondè ak siperyè. Mèt Madistin rasanble anndan  lestomak li tout bon valè l te resevwa anndan fanmi l ki ba l chans pou l tounen jodi a yon sitwayen responsab.

     FOMASYON L
     Mèt Madistin resevwa diplòm enjenyè sivil ki soti nan ISTH (Institut Superieur Technique d’Haiti), li gen lisans nan syans  politik (preferans : relasyon entenasyonal) ki soti nan INAGHEI (Institut National d’Administration, de Gestion et des  Hautes Etudes Internationales). Mèt Madistin resevwa diplòm ak lisans avoka l nan EDSEG (l’Ecole de Droit et des  Sciences Economiques des Gonaives), Mèt la fè yon metriz tou nan “Syans Devlopman” nan Fakilte Etnoloji.

     Mete sou sa, Mèt la fè yon bann lòt kalte etid ki pa dire lontan e l suiv tou plizyè seminè fòmasyon ak pèfeksyonman nan peyi lòtbò dlo tankou an Ayiti. N ap site : Fòmasyon pou l te ka fòme moun kap travay nan kesyon dwa moun (Academie de Versailles, France), fòmasyon sou kijan pou moun prevni epitou jere konfli entènasyonal (Institut International d’Administration Publique, IIAP, France) Fòmasyon nan Dwa Entènasyonal e Dwa Konpare nan kesyon Dwa Moun (Centre international pour l’enseignement des Droits de l’Homme a l’Universite, France), Dwa Entènasyonal Devlopman (IDLO, Italie), Fòmasyon sou Sekirite Piblik(Nicaragua) Fòmasyon sou kad legal jan pou yon polis sivil fonksyone (France).

Zèv li yo

  • KARYE L

    Lè l pase kòm depite nan 45kyèm lejislati a pou sikonskripsyon Lestè, anba banyè PDCH, gran piblik la ta pra l dekouvri pi jèn depite anndan “chanm” sa a ki te fè yon gwo non pou tèt li, depi lè yo t ap fòme biwo a. Depite a pase, olamen, kòm premye sekretè biwo a, sa ki ta pral lakòz Mèt Gerard Gourgue pwononse yon fraz, kòm kwa pou konplimante Depite a, fraz ki, pita, ta pra l vin selèb , n ap repete : “A l’occasion de la 45eme legislature Samuel percait sur Madistin”. Pandan tout pasaj li nan chanm Depite a, Mèt Madistin okipe fonksyon : “Prezidan Komisyon Jistis ak Dwa Moun”. Nan ane 1995 Mèt la pase kòm Senatè la Repiblik e yo konnen l kòm pi jèn Senatè nan istwa peyi a. Kòm Senatè li te vin okipe fonksyon Vis Prezidan chanm sena a san bliye li te jwe wòl Prezidan Komisyon Dwa Moun nan menm chanm nan.

    Pandan karyè l kòm palmantè li patisipe nan anviwon yon trantèn kolòk ak konferans entènasyonal toupatou sou latè e l toujou ale kòm chèf delegasyon.

    Apre 10 zan eksperyans kòm palmantè li pibliye yon liv ki rele : “Cooperation et Development : Le Role du Pouvoir Legislatif dans le fonctionnement modern de l’Etat. (264 paj).

    Kòm avoka k ap milite nan Bawo Pòtoprens la, Mèt Samuel Madistin ap dirije kabinè avoka ki pote non : Madistin & Associes ki chita nan vil Pòtoprens e ki espesyalize l nan fè rechèch, nan bay konsiltasyon; kabinè a foure pye l tout longè lè gen konfli nan zafè eleksyon menm jan an tou li defann kòz sivil, komèsyal, administratif ak penal.
    Mèt la se antreprenè tou. Li gen yon Otèl ki rele CESA ki tabli nan vil Lestè e ki se fyète moun nan rejyon an. Gen “CESA Night Club” anndan otèl la ki sèvi tou pou fè aktivite kiltirèl, lekòl pou moun aprann danse, katye jeneral ekip foutbol, lekòl enfòmatik, elatriye…
    Mèt la fè elvaj menm jan l fè jaden diri e l kontinye fè sa nan lespri pou l toujou respekte pawòl papa l ki te konn toujou di l: “bon jan moun Latibonit pa achte diri pou l manje nan mache”.


    Vizyon politik li
    Mèt Madistin se patizan yon Leta fò, layik epitou modèn, sèl konsepsyon ki ka ede Ayiti pran wout pwogrè ak devlopman k ap dire lontan. Pou Mèt Madistin, yon Leta fò pa gen anyen pou wè ak diktati men yon Leta kap viv nan solidarite, yon Leta ki pran desten l an men, yon Leta ki demokratik e alafwa popilè. Yon Leta fò se yon Leta ki respekte lalwa ansanm ak lajistis. Yon Leta fò se yon Leta ki bay tèt li mwayen pou l batay ak tout kouraj li kont koripsyon ak inegalite sosyal kap dechire sosyete a. Yon Leta fò se yon Leta ki kapab bay pitit li manje kòm sa dwa e ki fè sa l konnen pou bay pitit li edikasyon. Yon Leta fò se yon Leta ki kapab pwoteje sitwayen l yo kèlkeswa peyi yo ye sou tè a e ki bay tèt li mwayen pou pran defans teritwa a kont nenpòt ki zak ki ta soti nenpòt kote. Yon Leta fò se yon Leta ki rekonèt sa l vo nan rejyon li ekziste a menm jan nan mitan tout lòt nasyon yo.

    Relijyon ak Leta.
    Jan Konstitisyon 87 la di sa, Samuel Madistin se patizan libète konsyans ak relijyon. Mèt la kwè chak grenn moun lib pou l pratike reliyjyon ki nan lide l. E Leta, san l pa foure kò l nan koze sa a yo, fèt pou l garanti dwa moun genyen pou yo pratike relijyon yo vle. Natirèlman, Leta, anvan tout bagay, fèt pou l moral. Se la pou sosyete a jwenn bonjan bousòl pou l ka dirije lavi l.

Referans

The contents of this page are sourced from Wikipedia article. The contents are available under the CC BY-SA 4.0 license.
Lists
Samuel Madistin is in following lists
comments so far.
Comments
From our partners
Sponsored
Credits
References and sources
Samuel Madistin
arrow-left arrow-right instagram whatsapp myspace quora soundcloud spotify tumblr vk website youtube pandora tunein iheart itunes